Add parallel Print Page Options

¶ Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesaj la.

Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans.

Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp.

Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo,

ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal.

Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas.

Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w'ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo.

Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou.

Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo.

10 Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay.

11 ¶ Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre.

12 Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.

13 Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.

14 Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.

15 ¶ Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pesonn okazyon meprize ou.

Swiv yon ansèyman ki bon

Men pou ou menm, Tit, ou dwe bay yon ansèyman ki ede moun vin gen yon bon sante espirityèl. Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.

Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen. Konsa, y ap montre jèn madanm marye yo kijan pou yo renmen mari yo ansanm ak pitit yo. Yo dwe byen panse sou jan y ap viv. Yo dwe kenbe tèt yo pwòp. Yo dwe dirije kay yo byen. Epi yo dwe prèt pou rann mari yo sèvis. Lè sa a, pèsòn p ap jwenn mwayen pou kritike ansèyman Bondye ban nou fè a.

Menm jan an tou, di jenn gason yo, yo dwe byen panse sou jan y ap mennen lavi yo. Ou menm, ou dwe yon egzanp pou yo nan tout bagay, nan bon jan aksyon ou ap fè. Se pou ansèyman w pwòp epi se pou sa fè moun respekte w. Sa vle di, se pou w anseye yon fason ki dwat epi byen klè, pou moun pa jwenn chans kritike ansèyman w. Konsa, tout moun ki kont nou yo va wont, paske yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.

Anseye moun ki esklav kijan pou yo viv. Se pou yo toujou prèt pou rann mèt yo sèvis tout tan. Se pou yo chache fè mèt yo plezi, san yo p ap chache fè diskisyon ak yo. 10 Esklav yo pa dwe nan vòlè bagay mèt yo, men se pou yo montre yo diy de konfyans. Konsa, nan tout sa y ap fè, y ap fè moun respekte ansèyman ki konsène Bondye, Sovè nou an.

11 Se konsa nou ta dwe viv, paske Bondye fè gras li parèt klè, gras sa a se sous delivrans pou tout moun. 12 Gras Bondye aprann nou pou nou pa viv nan opozisyon kont Bondye epi pou nou refize viv dapre dezi nou genyen pou n ta swiv move bagay ki nan mond lan. Se pou nou panse byen sou jan n ap viv nan mond lan jodi a, pou nou fè sa ki dwat epi pou nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye. 13 Se konsa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt. 14 Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.

15 Se konsa pou w pale, ankouraje epi reprann moun yo ak tout otorite w. Pa kite pèsòn meprize w!