Add parallel Print Page Options

¶ Lè ti Mouton an kase setièm sele a, pandan yon demi (1/2) lè de tan, ou pa t' tande okenn bri nan sièl la.

Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon.

Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la.

Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a.

Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè.

Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen.

¶ Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè (1/3) nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.

Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè (1/3) dlo lanmè a tounen san.

Yon tiè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tiè nan batiman ki sou lanmè a peri.

10 Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo.

11 Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tiè nan tout dlo yo vin anmè kou fièl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè.

12 Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè (1/3) nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa.

13 Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.

Setyèm sele a

Ti Mouton an kase setyèm sele a. Lè sa a, te gen yon gwo silans nan syèl la, sa te pran demièdtan anviwon. Epi m wè sèt anj yo ki te kanpe bò kote Bondye a. Yo ba yo sèt twonpèt.

Te gen yon lòt anj ki te vini, li te kanpe bò lotèl la. Li te gen yon ansanswa nan men l. Yo te ba li yon pil lansan pou l fè ofrann pou akonpanye rekèt priyè moun ki apa pou Bondye yo. Anj lan depoze ofrann nan sou lotèl an ò a ki devan twòn nan. Lafimen lansan an, ki te soti nan men anj lan, ak lapriyè moun ki sen yo te monte ale devan Bondye. Epi, anj lan pran pèl la, li plen l ak dife soti sou lotèl la, li voye l sou latè. Lè sa a, sa te fè yon seri gwo kout loray, anpil bri vwa, anpil kout zeklè ak yon trannmantè.

Premye twonpèt la sonnen

Lè sa a, sèt anj ki te gen sèt twonpèt yo te pare pou yo sonnen twonpèt yo.

Premye anj lan sonnen twonpèt pa l la. Lè sa a, lagrèl ak dife melanje ak san te sot tonbe sou latè. Yon tyè latè boule, yon tyè pyebwa boule, epi tout zèb vèt boule.

Dezyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon bagay ki sanble ak gwo mòn dife tonbe nan lanmè a. Yon tyè nan lanmè a tounen san. Yon tyè nan bèt k ap viv nan lanmè a mouri epi yon tyè nan bato yo detwi.

10 Twazyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon gwo zetwal tonbe sot nan syèl la, li limen tankou yon gwo flanbo dife. Li tonbe sou yon tyè nan flèv yo ak sou sous dlo yo. 11 Non zetwal la se te “Pwazon anmè”. Yon tyè nan dlo yo vin anmè, epi anpil moun mouri paske dlo yo te anpwazonnen.

12 Katriyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, yon tyè nan zetwal yo, yo tout te frape. Sa fè jounen an ak lannuit lan te vin pèdi yon tyè nan klète yo.

13 M te kontinye ap gade epi m tande yon malfini ki t ap vole anwo nan syèl la. Li t ap rele byen fò, li t ap di: “Malè! Malè! Gade tray non pou moun k ap viv sou latè! Pi gwo malè a gen pou rive lè twa lòt twonpèt yo va sonnen.”