Add parallel Print Page Options

¶ Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou?

Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?

Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li.

Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.

Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou.

Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò.

Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a.

Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li.

Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li.

10 Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv.

11 Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.

12 Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè.

13 Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.

14 Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.

15 Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, èske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non.

16 Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.

17 Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou.

18 Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.

19 M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.

20 Lè n' te esklav peche a, nou pa t' gen okenn obligasyon pou n' te fè sa ki byen.

21 Lè sa a, kisa n' te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò.

22 Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

23 Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.

Mouri kanta peche, men vivan pou Bondye

Kounye a, kisa pou n di? Èske n ka kontinye ap peche pou fè gras Bondye vin pi plis? Se pa sa ditou! Pou sa k gen pou wè ak peche, nou se moun mouri. Kòman pou n ta fè kontinye ap viv nan peche ankò? Èske nou pa sonje lè nou te batize nan Kris la, se nan lanmò li nou te batize? Konsa, lè nou te batize a, nou te antere ak Kris epi se kòm si nou te mouri avè l. Epi, menm jan Kris te resisite a, gras ak mèvèy pouvwa Papa a, menm jan an tou, nou ka viv yon lavi tou nèf.

Kounye a, nou vin fè youn ak li pa mwayen lanmò li. Konsa tou, n ap fè youn ak li nan rezireksyon li. Nou konnen ansyen moun nan te mouri nan nou menm sou lakwa avèk Kris. Se konsa lavi esklav nou te genyen an te detwi nèt, poutèt pou n pa esklav peche ankò. Paske, lè yon moun mouri, li soti anba kontwòl peche.

Men si nou mouri avèk Kris, nou kwè n ap viv avèk li tou. Nou konnen Kris resisite, li pa ka mouri ankò. Lanmò pa gen pouvwa sou li ankò. 10 Wi, lè l te mouri, li te mouri yon sèl fwa pou l te kraze puisans peche, epi sa valab pou tout tan. Kounye a se pou Bondye l ap viv. 11 Se menm jan an pou nou menm tou, se pou n gade tèt nou kòm moun ki mouri kanta pouvwa peche epi k ap viv kounye a kanta pouvwa Bondye nan Jezikri.

12 Kò sa a, kote n ap viv la, se yon kò ki pral mouri. Pa kite peche kontwole l pou fè n fè sa peche vle. 13 Nou pa dwe livre okenn pati nan kò nou bay peche pou l sèvi kòm yon enstriman pou fè sa ki mal. Okontrè, an n bay Bondye tèt nou tankou moun ki te mouri, epi k ap viv kounye a. An n ofri tout pati nan kò nou bay Bondye pou yo sèvi nan fè sa ki byen. 14 Peche p ap chèf nou ankò, paske nou pa anba Lalwa. N ap viv kounye a anba gras Bondye.

Esklav sa ki dwat

15 Kounye a, kisa n ta dwe fè? Èske nou ta mèt peche paske nou anba gras Bondye, nou pa anba Lalwa? Paditou! 16 Nou sipoze konnen lè yon moun lage kò l bay yon bagay pou l fè tout sa l vle avè l, li vin esklav bagay sa a. Nenpòt bagay oubyen nenpòt moun w ap swiv, se mèt ou li ye. Ou ka swiv peche, oubyen Bondye. Swiv peche mennen nan lanmò espirityèl, men lè w ap obeyi Bondye, ou vin jis devan li. 17 Nan tan pase, nou te esklav peche, peche te pran kontwòl lavi nou. Men, grenmesi Bondye, nou te obeyi tout ansèyman nou te resevwa yo. 18 Nou te libere soti anba peche. Kounye a, nou se esklav bagay ki byen. 19 M pran egzanp sa a nan lavi chak jou, paske nou bezwen èd pou n konprann bagay espirityèl yo. Nan tan pase, nou te lage kèk pati nan kò nou pou yo te tounen esklav imoralite ak move panse ki pouse moun tonbe nan peche. Sa te lakòz nou t ap viv nan dezobeyisans kont Bondye. Menm jan an tou, nou dwe livre tèt nou kòm esklav pou fè sa ki byen. Rezilta sa va bay se yon lavi ki sen.

20 Nan tan pase, nou te esklav peche, nou pa t menm panse fè sa ki byen. 21 Nou t ap fè sa ki mal, bagay ki fè nou wont jodi a. Kisa nou jwenn nan bagay sa yo? Anyen, yo sèlman pote lanmò. 22 Men kounye a, nou delivre anba peche. Nou vin tounen esklav Bondye. Epi aksyon nou yo se bagay moun k ap viv pou Bondye sèlman. Rezilta sa pote se lavi etènèl. 23 Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.