Add parallel Print Page Options

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mak 16:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)

28 Nan demen apre jou Saba a, dimanch maten byen bonè, Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te fè yon pase gade kavo a.

Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li. Li te briye tankou yon kout zèklè, epi rad sou li te parèt blan tankou nèj. Sòlda yo t ap tranble epi yo te vin tankou mò, tèlman yo te pè.

Anj lan pale ak medam yo, li di yo: “Nou pa bezwen pè. M konnen n ap chache Jezi, moun yo te klouwe sou kwa a, men li pa isit la. Li resisite jan l te di a. Vin wè kote kadav la te kouche a. Apre sa kouri vit al di disip li yo, Jezi resisite. Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”

Medam yo te kite kavo a touswit. Yo te pè, anmenmtan yo te kontan anpil, epi yo pa t ka tann pou yo te bay disip yo nouvèl la.

Read full chapter