Add parallel Print Page Options

Yo klouwe Jezi sou yon kwa

(Mak 15:21-32; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)

32 Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a. 33 Lè yo rive kote yo rele Gòlgota a (Gòlgota vle di: Plas zo tèt), 34 yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l.

35 Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò[a] pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 36 Sòlda yo te ret chita veye l. 37 Te gen yon pannkat nan tèt kwa Jezi ki te di pouki yo touye l. Men sa k te ekri ladan l: nonm sa a, se Jezi, wa Jwif yo.

38 Yo te pwofite menm okazyon an pou yo krisifye de bandi, youn sou bò dwat Jezi, lòt la sou bò gòch li. 39 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. 40 Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!”

41 Chèf prèt yo, pwofesè lalwa yo ak lòt lidè Jwif yo, t ap pase Jezi nan betiz menm jan ak lòt moun yo. Yo t ap di: 42 “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se wa Izrayèl vre se pou l desann kwa a. Lè sa n ap kwè nan li. 43 Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.” 44 Menm bandi yo ki te krisifye ak Jezi t ap pase l nan betiz tou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 27:35 Referans tiraj osò pou yo separe rad li yo soti nan ansyen vèsyon Grèk ki nan Sòm 22:19.