Add parallel Print Page Options

Pilat eseye libere Jezi

(Mak 15:6-15; Lik 23:13-25; Jan 18:39–19:16)

15 Chak ane nan sezon fèt Pak la, gouvènè a te gen abitid pou l lage nenpòt prizonye foul la te vle. 16 Lè sa a, te gen yon prizonye moun te byen konnen yo te rele Barabas.[a]

17 Konsa lè foul la te rasanble, Pilat mande yo: “Kilès nan de a nou vle m lage ba nou: Barabas oswa Jezi, yo rele Kris la?” 18 Li konnen se jalouzi ki fè moun yo te livre Jezi ba li.

19 Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.”

20 Men, chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo, te gen tan jwe nan tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas epi kondane Jezi.

21 Gouvènè a mande: “Kilès nan de prizonye yo nou vle pou m lage?”

Pèp la reponn: “Barabas!”

22 Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?”

Yo tout reponn: “Krisifye l!”

23 Pilat mande yo: “Men, pouki? Ki mal li fè?”

Men yo tout te pran rele pi fò: “Krisifye l!”

24 Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”

25 Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!”

26 Konsa, Pilat lage Barabas. Li fè bat Jezi. Epi li livre Jezi bay sòlda yo pou y al krisifye l.

Sòlda women yo pase Jezi nan betiz

(Mak 15:16-20; Jan 19:2-3)

27 Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. 28 Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. 29 Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. 30 Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. 31 Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 27:16 Barabas Nan kèk kopi nan lang Grèk, non prizonye a se Jezi Barabas.