Add parallel Print Page Options

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mak 11:15-19; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

12 Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 13 Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè.[a] Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[b]

14 Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. 15 Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:

16 “Èske w tande sa timoun yo ap di la a?”

Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di:

Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou
    yo fè louanj ou.[c]

Èske w pa li sa nan Bib la?”

17 Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 21:13 Sitasyon sa a soti nan Eza 56:7.
  2. 21:13 Sitasyon sa a soti nan Jer 7:11.
  3. 21:16 Sitasyon sa a soti nan Sòm 8:2 (Vèsyon Grèk la).