Add parallel Print Page Options

Avètisman pou moun ki rejte Jezi yo

(Lik 10:13-15)

20 Apre sa, Jezi te kòmanse repwoche moun lavil kote li te fè plis mirak yo. Lavi yo pa t montre okenn chanjman pozitif. 21 Jezi di: “Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida.[a] Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. 22 M ap tou di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon.[b]

23 E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann. Si tout mirak mwen fè lakay ou yo mwen te fè yo nan vil Sodòm, jis jounen jodi a Sodòm t ap la. 24 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm yo.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:21 Korazen, Bètsayida Se te de vil Jwif toupre lanmè Galile a kote Jezi te fè anpil irak pou montre otorite l se nan Bondye l soti. Malgre sa, moun yo te refize chanje lavi yo t ap mennen, yon lavi ki pa gen anyen pou wè a Bondye.
  2. 11:22 Tir ak Sidon Vil sa yo te plen moun k ap adore idòl. Epi tout moun te konnen yo pou jan te gen move bagay ki t ap pase nan yo.