Add parallel Print Page Options

Istwa nesans Mesi a

(Lik 2:1-7)

18 Men kijan Jezikris te fèt: Mari, manman li te fiyanse ak Jozèf. Anvan dat maryaj la te rive, Jozèf vin aprann Mari te ansent pa pouvwa Sentespri Bondye. 19 Jozèf, fiyanse Mari a, se te yon nèg debyen. Li deside pou l kraze relasyon an san fè gwo bri, pou evite twòp eskandal.

20 Men pandan Jozèf t ap reflechi sou sa k pase a, yon anj Senyè a parèt devan l nan yon rèv. Men sa anj lan te di l: “Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou, paske pitit ki nan vant li a, se travay Sentespri a. 21 L ap fè yon pitit gason, ou va rele l Jezi,[a] paske se li menm ki pral delivre pèp li a anba chay peche l yo.”

22 Tout sa rive pou fè nou konprann pi byen sa Senyè a te di pa mwayen pwofèt la:

23 “Tande koze wi! Jèn fi ki pa ko nan gason an pral ansent,
    l ap fè yon pitit gason, y a rele l Emanyèl.”[b]

(Non sa a vle di Bondye avèk nou).

24 Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè sa anj Senyè a te di l la. Li marye ak Mari. 25 Malgre sa, li te tann jouktan pitit la fèt anvan l te antre nan zafè sèks ak Mari. Li rele pitit ki te fèt la Jezi.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:21 Jezi Non sa a vle di “se Letènèl ki sove”.
  2. 1:23 Sitasyon sa a soti nan Eza 7:14.