Add parallel Print Page Options

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mat 14:13-21; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)

30 Disip yo retounen sot nan misyon an. Yo antoure Jezi epi yo di li tou sa yo te fè, tou sa yo te anseye. 31 Jezi di disip yo: “Vini avèk mwen nan yon kote trankil epi nou va fè yon poze.” Li te di sa, paske kote l te ye a te gen twòp moun ki t ap monte desann vini wè yo, menm manje yo pa t gen chans pou yo manje.

32 Konsa yo monte nan yon bato epi yo travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. 33 Anpil moun te wè lè yo t ap pati epi yo te konnen ki kote yo t aprale, se konsa yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a, epi yo rive anvan Jezi ak disip yo. 34 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l fè l mal anpil pou moun yo, paske yo te tankou yon mouton ki pa gen bèje. Konsa, li kòmanse anseye pèp la anpil bagay.

35 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. 36 Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo pou yo manje.”

37 Men Jezi reponn yo: “Ba yo manje nou menm.” Yo di Jezi konsa: “Nou pa ka achte ase pen pou bay tout moun sa yo manje. Nou ta dwe achte pen pou 200 denye[a] pou n ta bay tout moun sa yo manje.”

38 Jezi di yo: “Ki kantite pen nou gen la a? Al gade!”

Lè yo tounen, yo vin di Jezi: “Nou gen senk pen ak de pwason.”

39 Alò Jezi di yo: “Fè tout moun chita an gwoup sou zèb la pou yo kapab manje.” 40 Yo chita yon fason nan lòd, te gen gwoup 100 moun ak gwoup 50 moun.

41 Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je l gade syèl la, li di Bondye mèsi epi li kase pen yo. Li bay disip li yo pen pou yo distribye bay pèp la. Li pataje de pwason yo bay tout moun ki te la a yo.

42 Tout moun te manje vant deboutonnen. 43 Lè yo fin manje, yo ranmase douz panye plen moso pen ak moso pwason. 44 Antotal te gen senk mil gason ki te manje.

Read full chapter

Footnotes

  1. 6:37 denye Yon denye se lajan yon moun te touche pou yon jounen travay. 200 denye se lajan yon moun te touche pou 200 jou travay.