Add parallel Print Page Options

Se disip Jezi ki vrè fanmi li

(Mat 12:46-50; Lik 8:19-21)

31 Pandan tan sa a, manman Jezi ak frè l yo te vin parèt. Yo rete deyò epi yo voye yon moun al rele l. 32 Yon foul moun te chita devan Jezi epi yo vin di l: “Men manman w, ak frè w yo ak sè[a] w yo deyò a ap chache w.”

33 Jezi reponn yo: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m ak sè m?” 34 Apre sa, Jezi gade moun ki te chita devan l yo epi li di: “Men moun ki manman m, frè m ak sè m. 35 Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:32 yo ak sè Kèk kopi nan lang Grèk pa gen mo sa yo.