Add parallel Print Page Options

¶ Kèk jou apre sa, Jezi tounen Kapènawòm. Yo tande li te lakay li.

Te sitèlman gen moun ki te sanble, pa t' gen plas ankò, pa menm devan pòt kay la. Jezi menm t'ap anonse yo pawòl la.

Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l' bay Jezi.

Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pa t' ka pwoche bò kot Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a.

Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: -Pitit mwen, peche ou yo padonnen.

Te gen kèk dirèktè lalwa chita la; yo t'ap di nan kè yo:

-Pouki nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman.

Menm lè a Jezi te gen tan konnen nan fon kè l' sak t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: -Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou?

Kisak pi fasil pou m' di nonm paralize a: Peche ou yo padonnen; osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache?

10 Enben, m'ap fè nou konnen, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Lè sa a, Jezi di nonm paralize a:

11 -Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou.

12 Latou, nonm lan leve kanpe, li pran nat li, li soti devan tout moun. Yo tout te sezi, yo fè lwanj Bondye; yo t'ap di: -Nou poko janm wè bagay konsa.

13 ¶ Jezi tounen ankò bò lanmè Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay.

14 Antan Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: -Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi.

15 Pita, Jezi t'ap manje lakay Levi. Te gen anpil lòt pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki t'ap swiv Jezi. Tout moun sa yo te chita bò tab avè l' ansanm ak disip li yo.

16 Kèk direktè lalwa ki te fè pati bann farizyen yo wè Jezi ap manje ak pèseptè kontribisyon yo ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo. Yo mande disip li yo: -Poukisa l'ap manje ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo?

17 Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lè yon moun an sante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k'ap fè sa ki mal yo.

18 ¶ Yon jou, patizan Jan Batis yo t'ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: -Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn?

19 Jezi reponn yo: -Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab rete san manje toutotan li la avèk yo? Non, toutotan nonm k'ap marye a la avèk yo, yo pa kapab rete san manje.

20 Men, lè lè a va rive pou l' pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

21 Pesonn pa pyese yon vye rad ak yon moso twal nèf. Si ou fè sa, moso nèf la va pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la chire pi mal.

22 Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso an po. Si ou fè sa, diven an va pete vye veso yo, epi w'ap pèdi ni diven an ni veso yo. Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou.

23 Yon jou repo, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Antan disip li yo t'ap mache konsa avè l', yo pran keyi kèk grap ble.

24 Farizyen yo di li konsa: -Gade non! Poukisa disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?

25 Jezi reponn yo: -Eske nou pa janm li sa David te fè yon lè li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa l' yo ki te grangou?

26 Sa te pase sou tan Abyata te granprèt. Nou chonje? Li antre nan kay Bondye a, li manje nan pen yo te ofri bay Bondye a. Dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gen dwa manje pen sa yo. Malgre sa, David te pran ladan yo, li te bay moun pa l' yo manje tou.

27 Jezi di yo ankò: -Jou repo a te fèt pou moun; se pa moun ki te fèt pou jou repo a.

28 Konsa tou, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen se mèt repo a.

Jezi geri yon nonm paralize

(Mat 9:1-8; Lik 5:17-26)

Kèk jou apre sa, Jezi retounen lavil Kapènawòm, epi pèp la te tande li lakay li. Poutèt sa, yon pil moun te rasanble, pa t gen okenn plas rete menm pou moun te kanpe, ni andan ni devan pòt la. Epi li t ap preche yo pawòl Bondye a. Yo mennen ba li yon nonm paralize kat moun t ap pote. Men yo pat ka fè paralize a rive devan Jezi poutèt foul la. Konsa yo fè yon twou sou do kay la, kote Jezi te ye a epi yo glise malad la desann ak tout kabann li bay Jezi. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”

Te gen kèk eskrib ki te chita la ki t ap di nan kè yo: “Poukisa misye sa a ap pale konsa? Apa l ap ensilte Bondye. Kilès ki kapab padone peche apa Bondye?”

Menm lè a tou, Jezi ki te konnen byen sa yo t ap di nan kè yo, li di yo: “Poukisa n ap reflechi konsa? Ki sa ki pi fasil pou m di paralitik la: Peche w yo padone, oubyen leve, pran kabann ou epi mache? 10 Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: 11 “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

12 Se konsa, la menm, nonm lan leve, li pran nat li, li sòti devan je tout moun. Se pa de sezi foul la te sezi, epi yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di nou patko janm wè bagay konsa.

Levi (Matye) swiv Jezi

(Mat 9:9-13; Lik 5:27-32)

13 Jezi sòti ale bò lak la ankò, tout foul la te vin jwenn li epi li t ap anseye yo. 14 Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”

15 Apre sa, Jezi t al manje lakay Levi, te gen anpil anplwaye kontribisyon la, ak kèk lòt moun ki t ap viv nan peche epi ki t ap manje ansanm ak Jezi epi disip li yo. Yo te anpil epi yo t ap swiv Jezi tou. 16 Men, lè kèk nan eskrib yo ki te farizyen tou, yo te wè Jezi ap manje ak moun k ap viv nan peche ansanm ak anplwaye kontribisyon, yo di disip Jezi yo: “Ak ki kalite moun Jezi ap manje la a?”

17 Lè Jezi tande sa, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè, se moun ki malad ki bezwen doktè. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”

Yon kesyon sou moun k ap jene

(Mat 9:14-17; Lik 5:33-39)

18 Disip Janbatis yo ak Farizyen yo t ap jene. Kèk moun vin di Jezi: “Poukisa disip Jan yo ak disip Farizyen yo jene, epi disip pa w yo pa jene?”

19 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Yo pa ka ap jene pandan misye marye a la toujou avèk yo. 20 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.

21 Okenn moun pa koud yon moso twal nèf nan yon rad ize. Si li ta fè sa, moso twal nèf la t ap dechire twal ize a, li t ap rache soti, epi kote ki dechire a t ap vin pi mal. 22 Menm jan an tou, pèsòn p ap pran diven nouvo[a] pou l mete l nan yon vye barik. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”

Jezi se mèt jou saba a

(Mat 12:1-8; Lik 6:1-5)

23 Apre sa, yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon jaden ble. Disip li yo ranmase kèk zepi ble pou yo manje. 24 Kèk Farizyen di Jezi: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou saba a?”

25 Jezi reponn yo: “Èske nou pa li kisa David te fè, lè li menm ak moun ki te avèk li yo te grangou, yo te bezwen manje? 26 Li te antre nan tanp Bondye a, lè Abyata te gran prèt, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.”

27 Jezi di yo ankò: “Saba te fèt pou moun, men se pa moun ki te fèt pou saba, 28 konsa, Pitit Lòm nan se chèf jou saba a.”

Footnotes

  1. 2:22 diven nouvo Se yon ji rezen fenk pire. Yo bezwen mete l yon kote pou l tounen diven. Lè l ap tounen diven, li konn degaje gaz gonfle barik la. Sa kapab eklate barik la.