Add parallel Print Page Options

Jezi geri sèvitè yon Ofisye

(Mat 8:5-13; Jan 4:43-54)

Lè Jezi fin di pèp la tout pawòl li te gen pou di yo, li antre nan vil Kapènawòm. Te gen yon chèf nan lame Women an ki te gen yon esklav li te renmen anpil, esklav la te malad, prèt pou mouri. Lè chèf la te tande pale de Jezi, li voye kèk nan lidè Jwif yo al mande Jezi pou l vin geri esklav la pou li. Lè mesye yo te rive kote Jezi, yo sipliye li pou l fè sa pou chèf la. Yo di li, “Li merite sa.” Paske li renmen nasyon nou an epi li te peye lajan l pou fè bati yon sinagòg pou nou.

Jezi te pran wout la pou ale ak yo. Lè l te prèske rive nan kay la, chèf nan lame Women an voye kèk zanmi al kote Jezi pou di li: “Senyè, ou pa bezwen bay tèt ou traka. Mwen pa merite pou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa kwè mwen ase bon pou m parèt devan w. Sèlman di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. Paske mwen menm tou mwen gen otorite sou tèt mwen epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn ‘Ale,’ li ale. Lè m di yon lòt ‘Vini,’ li vini. Lè m di sèvitè m ‘Fè tèl bagay,’ li fè l.”

Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te etone. Li vire gade foul moun ki t ap swiv li a, epi li di yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”

10 Lè moun chèf la te voye kot Jezi yo retounen lakay, yo jwenn sèvitè a geri.

Read full chapter

¶ Lè Jezi fin pale tout pawòl sa yo ak pèp la, li ale lavil Kapènawòm.

Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad prèt pou mouri.

Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l' vin geri domestik li a.

Yo rive bò kot Jezi, yo di li: Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an.

Se li ki te bati sinagòg la pou nou.

Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l' konsa: Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen.

Se poutèt sa mwen pa t' kwè m' ase bon pou m' te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri.

Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn: Ale! li ale. Lè m' di yon lòt: Vini! li vini. Lè m' di domestik mwen an: Fè sa! li fè li.

Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la.

10 Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri.

Read full chapter