Lik 7:1-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi geri sèvitè yon Ofisye
(Mat 8:5-13; Jan 4:43-54)
7 Lè Jezi fin di pèp la tout pawòl li te gen pou di yo, li antre nan vil Kapènawòm. 2 Te gen yon chèf nan lame Women an ki te gen yon esklav li te renmen anpil, esklav la te malad, prèt pou mouri. 3 Lè chèf la te tande pale de Jezi, li voye kèk nan lidè Jwif yo al mande Jezi pou l vin geri esklav la pou li. 4 Lè mesye yo te rive kote Jezi, yo sipliye li pou l fè sa pou chèf la. Yo di li, “Li merite sa.” 5 Paske li renmen nasyon nou an epi li te peye lajan l pou fè bati yon sinagòg pou nou.
6 Jezi te pran wout la pou ale ak yo. Lè l te prèske rive nan kay la, chèf nan lame Women an voye kèk zanmi al kote Jezi pou di li: “Senyè, ou pa bezwen bay tèt ou traka. Mwen pa merite pou antre lakay mwen. 7 Se poutèt sa mwen pa kwè mwen ase bon pou m parèt devan w. Sèlman di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. 8 Paske mwen menm tou mwen gen otorite sou tèt mwen epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn ‘Ale,’ li ale. Lè m di yon lòt ‘Vini,’ li vini. Lè m di sèvitè m ‘Fè tèl bagay,’ li fè l.”
9 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te etone. Li vire gade foul moun ki t ap swiv li a, epi li di yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”
10 Lè moun chèf la te voye kot Jezi yo retounen lakay, yo jwenn sèvitè a geri.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International