Add parallel Print Page Options

Jezi ap priye poukont li

(Mat 26:36-46; Mak 14:32-42)

39 Menm jan li te toujou fè l la, Jezi kite vil la, li ale sou mòn Oliv la. Disip yo tou te swiv li ale la. 40 Lè Jezi rive sou mòn nan, li di disip yo: “Lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”

41 Jezi li menm avanse yon ti kras pi devan, yon distans yon moun te ka voye yon wòch, li mete ajenou, li kòmanse priye. 42 Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode[a] soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.” 43 Apre sa, yon anj Bondye parèt soti nan syèl la vin fòtifye li. 44 Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.[b] 45 Lè Jezi leve nan lapriyè a, l al kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Yo te fatige tèlman yo te nan lapenn. 46 Li di yo: “Pouki sa n ap dòmi? Leve non, lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 22:42 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive.
  2. 22:44 Kèk kopi nan lang Grèk pa genyen vèsè 43 ak 44.