Add parallel Print Page Options

Pyè p ap pase tès la

(Mat 26:31-35; Mak 14:27-31; Jan 13:36-38)

31 Jezi di ankò: “Mesye, Satan mande pèmisyon pou l teste nou tout tankou yon kiltivatè k ap vannen grenn nan laye li. O Simon, Simon.[a] 32 Mwen priye pou ou pou ou pa pèdi lafwa! Lè ou retounen vin jwenn mwen, se pou fòtifye frè w yo.”

33 Men Pyè di l konsa: “Senyè, mwen pare pou m al nan prizon avè w. E si sa nesesè, m ap menm mouri avè w.”

34 Men Jezi reponn li: “Pyè, m ap di w yon bagay. Anvan kòk chante demen maten, ou ap gentan di ou pa konnen m twa fwa.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 22:31 Simon Lòt non Simon an se te Pyè.