Add parallel Print Page Options

¶ Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l' nan dezè a.

Se la Satan vin tante l' pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa t' manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.

Satan di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa a lòd pou l' tounen pen.

Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman.

Satan mennen l' yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l' tout peyi ki sou latè.

Li di Jezi konsa: M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo.

Si ou mete ajenou devan m', tout bagay sa yo pou ou.

Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.

Apre sa, Satan mennen l' lavil Jerizalèm, li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan; li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba.

10 Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou.

11 Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou ankenn wòch.

12 Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.

13 Apre Satan fin sonde Jezi tout jan sa yo, li kite l' jouk la jwenn yon lòt okasyon.

14 ¶ Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a; li tounen, li ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li.

15 Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj li.

16 Jezi ale lavil Nazarèt kote l' te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l' te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l' li pou yo.

17 Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l', li jwenn kote ki te ekri:

18 Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,

19 pou m' fè yo konenn lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a.

20 Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. li al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li.

21 Lè sa a li kòmanse di yo: Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre.

22 Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap soti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: Se pa pitit Jozèf la sa?

23 Jezi di yo: Koulye a, nou pral di pwovèb sa a sou mwen: Dòktè, geri tèt ou. N'a di m' tou: Nou tande tou sa ou te fè lavil Kapènawòm; fè yo isit la tou, nan peyi pa ou la.

24 Epi li di yo ankò: Men, sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yo pa janm resevwa yon pwofèt byen nan pwòp peyi li.

25 Se vre wi: Sou tan Eli, yon lè lapli pa t' tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lè sa a, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl la.

26 Men, Bondye pa t' voye Eli lakay yo yonn menm; se lakay yon vèv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li.

27 Konsa tou, sou tan pwofèt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalèp nan pèp Izrayèl la. Men, yo yonn pa t' jwenn gerizon. Se Naaman sèlman, nonm peyi Siri a, ki te geri.

28 Tout moun nan sinagòg la te byen ankòlè lè yo tande pawòl sa yo.

29 Yo leve, yo trennen l' andeyò lavil la; yo mennen l' sou tèt ti mòn kote lavil la te bati a, yo t'ap pare pou yo te jete l' anba nan falèz la.

30 Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kò li.

31 ¶ Apre sa, Jezi desann Kapènawòm, yon vil nan peyi Galile. Jou repo a, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.

32 Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a.

33 Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò:

34 Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a.

35 Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal.

36 Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale.

37 Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan tout peyi a.

38 Jezi soti, li kite sinagòg la, li ale lakay Simon. Bèlmè Simon an te gen yon gwo lafyèb cho sou li. Yo mande Jezi pou l' fè kichòy pou li.

39 Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo.

40 Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo.

41 Anpil move lespri tou te soti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye.

42 Kou l' fè jou, Jezi soti, li ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l' pou l' pa t' kite yo.

43 Men li di yo: Fòk m' anonse bon nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen.

44 Se konsa, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg Jide yo.

Satan tante Jezi

(Mat 4:1-11; Mak 1:12-13)

Sentespri a te ranpli Jezi, lè l te retounen soti nan rivyè Jouden an. Apre sa, Sentespri a te mennen l nan dezè a. Pandan l te nan dezè a, Satan tante Jezi pandan karant jou (40). Kòm li pa t manje anyen ditou pandan tan sa a, lè peryòd tantasyon an te fini, li te vin grangou anpil.

Satan di Jezi konsa: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa a pou l tounen pen.”

Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen.”[a]

Apre sa, san pèdi tan, Satan gentan pran Jezi l ap montre l tout wayòm yo sou latè. Satan di Jezi konsa: “M ap ba ou tout otorite sou tout wayòm sa yo ak tout laglwa yo. Paske yo remèt mwen tout bagay sa yo. Mwen ka bay yo a nenpòt moun mwen vle. Kidonk, si ou mete ajenou devan m ou adore m, m ap ba ou tout bagay sa yo.” Lè sa a, Jezi reponn, li di li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.”[b]

Apre sa, Satan mennen Jezi nan Jerizalèm. Li mete l kanpe sou pwent tèt tanp lan epi li di Jezi: “Si w se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, 10 paske men sa ki ekri nan Bib la:

L ap bay anj li
    yo lòd pou yo veye sou ou.[c]

11 Epi y ap pote w

nan men yo pou pye w
    pa frape nan wòch.”[d]

12 Lè sa a Jezi reponn li: “Men sa Bib la di: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.”[e]

13 Lè dyab la te fin tante Jezi nan tout sans, li pati kite li pou jouktan l ta jwenn yon lòt okazyon ankò.

Jezi kòmanse ministè li nan Galile

(Mat 4:12-17; Mak 1:14-15)

14 Jezi retounen nan Galile, anba pouvwa Sentespri a. Nan tout rejyon alantou Galile a, moun yo t ap pale sou li. 15 Li te kòmanse anseye nan tout sinagòg yo nan zòn nan, epi tout moun yo t ap fè lwanj pou li.

Jezi ale nan vil kote l te grandi

(Mat 13:53-58; Mak 6:1-6)

16 Apre sa, Jezi ale Nazarèt, nan ti vil kote li te grandi a. Jan l te gen abitid fè a, nan jou saba a, li antre nan yon sinagòg, epi li kanpe pou fè lekti a. 17 Yo te ba li liv pwofèt Ezayi a, epi li louvri li nan kote pawòl sa yo ekri a:

18 “Lespri Senyè a sou mwen.
    Li chwazi m pou m anonse pòv yo bòn nouvèl la.
Li voye m vin di prizonye yo, yo libere,
    pou m di avèg yo yo kapab wè ankò.
Pou m libere moun k ap sibi opresyon yo.
19     Epi pou m anonse lè a rive
    pou Bondye montre konpasyon li.”[f]

20 Jezi fèmen liv la. Li remèt li bay sekretè a, epi li chita. Kòm tout je moun yo nan sinagòg la te fikse sou li, 21 Li kòmanse pale ak yo konsa: “Jodi a, pandan nou t ap tande m ap li pawòl sa yo ki soti nan Bib la, yo akonpli!”

22 Tout moun yo t ap pale byen de li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t ap soti nan bouch li yo. Epi yo t ap di: “Sa a se pa pitit gason Jozèf la?”

23 Epi li di yo: “M konnen nou pral di m pwovèb sa a: Doktè, geri tèt ou. Tout bagay nou te tande ou t ap fè nan Kapènawòm yo se pou fè yo tou isit la ki se lakay ou.” 24 Men li di yo: “An verite, m ap di nou sa, yon pwofèt pa janm jwenn bon akèy nan peyi li.

25 M ap di nou sa tou, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl nan tan pwofèt Eli. Men lè syèl la te fèmen pandan twa zan si mwa, epi te gen yon gwo grangou tonbe nan tout peyi a, 26 Bondye pa t voye Eli lakay youn nan yo. Okontrè, se lakay yon vèv nan Sarepta, nan zòn Sidon Bondye te voye li.

27 Nan tan pwofèt Elize tou, te gen anpil moun nan Izrayèl ki te gen maladi lalèp. Menm youn ladan yo pa t jwenn gerizon nan men li. Se sèl Naaman, moun peyi Siri a, ki te jwenn gerizon.”

28 Tout moun yo nan sinagòg la te vin ankòlè lè yo tande Jezi ap di pawòl sa yo. 29 Yo leve, yo pouse l mete deyò lavil la. Yo mennen li sou tèt mòn kote lavil la te bati a toutespre pou yo te ka lage l anba. 30 Jezi menm pase tou dwat nan mitan foul la, li chape poul li.

Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri

(Mak 1:21-28)

31 Li desann ale lavil Kapènawòm, yon vil nan rejyon Galile. Etan la, li te t ap anseye moun yo nan jou saba a. 32 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye, paske li t ap pale tankou moun ki gen otorite sou sa li t ap di yo.

33 Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li tonbe kriye byen fò. 34 Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a. 35 Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” Movèzespri a sakaje misye a, epi li soti sou nonm nan, san li pa t fè l okenn mal.

36 Tout moun yo te etone. Yo te pran pale youn ak lòt, yo t ap di: Sa k ap pase konsa a? Ak otorite ak puisans Jezi, pase move lespri yo lòd epi yo sòti. 37 Konsa, pawòl la te gaye nan tout vil ak vilaj yo nan rejyon an.

Jezi geri bèlmè Simon Pyè a

(Mat 8:14-15; Mak 1:29-31)

38 Jezi menm te leve kite sinagòg la, li ale lakay Simon.[g] Bèlmè Simon t ap soufri ak yon gwo lafyèv, epi yo te mande Jezi pou fè kichòy pou li. 39 Jezi te kanpe kote malad la, li pase lafyèv la lòd, epi lafyèv la tonbe. La pou la, madanm nan leve epi li resevwa yo.

Jezi geri yon bann lòt malad

(Mat 8:16-17; Mak 1:32-34)

40 Pandan solèy t ap kouche, yo mennen tout malad ki t ap soufri ak tout kalite maladi, bay Jezi. Li te poze men l sou yo, youn pa youn epi li te geri yo. 41 Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.

Jezi ale nan lòt vilaj yo

(Mak 1:35-39)

42 Nan demen, Jezi kite kote l te ye a, li ale nan yon kote ki dezole. Foul la menm t ap chache li. Lè yo te jwenn li, yo t ap chache kwense li pou yo te ka anpeche l ale kite yo. 43 Men, li di yo: “Fòk m al anonse (bòn nouvèl) wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa menm Bondye te voye m.”

44 Se konsa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo nan rejyon Jide a.

Footnotes

  1. 4:4 Sitasyon sa a soti nan Det 8:3.
  2. 4:8 Sitasyon sa a soti nan Det 6:13.
  3. 4:10 Sitasyon sa a soti nan Sòm 91:11.
  4. 4:11 Sitasyon sa a soti nan Sòm 91:12.
  5. 4:12 Sitasyon sa a soti nan Det 6:16.
  6. 4:18-19 Sitasyon sa a soti nan Eza 61:1-2; 58:6.
  7. 4:38 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan 5:3, 4, 5, 10.