Add parallel Print Page Options

¶ Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa; Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide; Ewòd menm te chèf nan peyi Galile; Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit; Lizanyas te chèf nan Labilèn.

Lè sa a, se An ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a.

Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo.

Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.

Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl.

Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.

Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l' te batize yo. Lè konsa li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?

Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.

Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife.

10 Foul moun yo mande l' konsa: Kisa pou nou fè menm?

11 Li reponn yo: Sa ki gen de rad, se pou yo bay sak pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l' separe l' bay yon lòt.

12 Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè?

13 Li reponn yo: Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a.

14 Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an.

15 ¶ Pèp la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la.

16 Lè sa a, Jan di yo tout: Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.

17 Laye l' nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.

18 Se avèk anpil lòt pawòl konsa Jan t'ap ba yo konsèy, li t'ap anonse bon nouvèl la bay pèp la.

19 Men, Jan te fè chèf Ewòd repwòch poutèt Ewodyad, madanm frè li a, li te pran pou madanm li, ak pou anpil lòt move zak li te fè.

20 Le sa a, Ewòd mete ankò sou sa l' te fè deja: li fè fèmen Jan nan prizon.

21 ¶ Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri.

22 Sentespri a desann sou li an fòm yon ti pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.

23 Jezi te gen trantan konsa lè l' kòmanse travay li. Dapre sa yo te kwè, li te pitit Jozèf, Jozèf sa a te pitit Eli.

24 Eli te pitit Matat, Matat te pitit Levi, Levi te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Janayi, Janayi te pitit Jozèf.

25 Jozèf te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Amòs, Amòs te pitit Nawoum, Nawoum te pitit Esli, Esli te pitit Nagayi.

26 Nagayi te pitit Maat, Maat te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Semeyin, Semeyin te pitit Jozèk, Jozèk te pitit Joda.

27 Joda te pitit Joanan, Joanan te pitit Reza, Reza te pitit Zowobabèl, Zowobabèl te pitit Salasyèl, Salasyèl te pitit Neri.

28 Neri te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Adi, Adi te pitit Kozam, Kozam te pitit Elmadam, Elmadam te pitit Er.

29 Er te pitit Jezi, Jezi te pitit Elyezè, Elyezè te pitit Jorim, Jorim te pitit Matat, Matat te pitit Levi.

30 Levi te pitit Simeyon, Simeyon te pitit Jida, Jida te pitit Jozèf, Jozèf te pitit Jonam, Jonam te pitit Elyakim.

31 Elyakim te pitit Melea, Melea te pitit Mena, Mena te pitit Matata, Matata te pitit Natan, Natan te pitit David.

32 David te pitit Izayi, Izayi te pitit Jobèd, Jobèd te pitit Booz, Booz te pitit Sala, Sala te pitit Naason.

33 Naason te pitit Aminadab, Aminadab te pitit Admen, Admen te pitit Ani, Ani te pitit Eswòm, Eswòm te pitit Perèz, Perèz te pitit Jida.

34 Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò.

35 Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala.

36 Sala te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noe, Noe te pitit Lamèk.

37 Lamèk te pitit Matizala, Matizala te pitit Enòk, Enòk te pitit Jarèd, Jarèd te pitit Maleleyèl, Maleleyèl te pitit Kaynan.

38 Kaynan te pitit Enòs, Enòs te pitit Sèt, Sèt te pitit Adan, epi Adan te pitit Bondye.

Janbatis ap prepare chemen pou Jezi

(Mat 3:1-12; Mak 1:1-8; Jan 1:19-28)

Nan epòk lè Seza Tibè te gen kenz an depi l t ap renye,

Pons Pilat te gouvènè nan Jide;

Ewòd t ap dirije rejyon Galile;

Filip, frè Ewòd la, t ap dirije Itoure ak Trakonit;

Lizanyas t ap dirije Abilèn;[a]

epi Àn ak Kayif te souveren sakrifikatè. Se nan menm epòk sa a, Jan, pitit Zakari a te resevwa mesaj nan men Bondye, pandan l t ap viv nan dezè a. Konsa, li te ale nan tout rejyon an toudebò larivyè Jouden an ap preche. Li t ap di moun yo “Vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” Se menm jan sa te ekri nan liv pwofèt Ezayi a:

“Gen yon vwa k ap pale byen fò nan dezè a:
Prepare chemen pou Senyè a.
    Fè wout yo byen dwat devan l.
Tout vale yo gen pou konble,
    tout gwo mòn yo ak kolin yo fèt pou vin plat.
Wout ki gen koub yo, nou dwe fè yo dwat,
    epi chemen ki difisil yo fèt pou vin swa.
Tout moun gen pou yo wè jan
    Bondye ap delivre nou!”[b]

Lè sa a, yon foul moun te vin jwenn Jan pou l te batize yo. Li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? Olye pou n chita ap di se pitit Abraram nou ye, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram wi. Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.”

10 Lè sa a, moun yo poze Jan kesyon, yo mande l: “Ki sa pou nou fè menm?”

11 Jan reponn yo: “Si ou gen de chemiz, bay moun ki pa genyen an youn. Si ou gen manje pou manje, bay sa k pa genyen tou.”

12 Ata pèseptè kontribisyon yo te vin jwenn Jan tou pou l batize yo. Yo mande l: “Mèt, kisa pou nou fè?”

13 Li te di yo, “Pa fè moun peye plis lajan pase sa gouvènman an te di nou fè yo peye a.”

14 Sòlda yo te poze Jan kesyon tou, yo te di l: “E nou menm, kisa pou nou fè?”

Li te reponn yo, “Piga nou itilize lafòs osinon manti pou nou soutire lajan nan men moun yo. Se pou nou kontante nou ak salè nou touche a.”

15 Kòm tout moun t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt, yo t ap poze tèt yo kesyon. Yo t ap reflechi konsènan Jan. Yo t ap di: “Ou kwè se pa li menm ki Mesi a.”

16 Jan te reponn moun yo, li di yo: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, men gen yon lòt k ap vini apre m. Li pi fò pase m. Mwen pa bon ase pou m ta menm delase soulye l. Li menm, l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. 17 Li gen laye[c] l nan men li pou l netwaye rekòt la. L ap mete bon grenn yo nan depo li, epi l ap boule pay la nan yon dife ki p ap janm etenn.” 18 Jan te di anpil lòt bagay konsa toujou pou l ankouraje pèp la viv lavi yo yon lòt jan. Li t ap preche pèp la bòn nouvèl levanjil la.

Men kijan travay Jan te fini

19 Pandan tan sa a tou, Jan t ap kritike Ewòd, chèf rejyon an, konsènan sa l te fè ak Ewodyas, madanm frè l la, ansanm ak yon bann lòt bagay mal Ewòd te fè ankò. 20 Konsa, Ewòd tou ajoute yon lòt move bagay ankò sou sa l te fè deja yo: Li mete Jan nan prizon.

Jan te batize Jezi

(Mat 3:13-17; Mak 1:9-11)

21 Nan moman tout pèp la t ap vin resevwa batèm nan, Jezi te vini epi li te batize tou. Pandan l t ap priye, syèl la te louvri, 22 epi Sentespri a desann sou li sou yon fòm fizik, tankou yon pijon. Apre sa, yon vwa pale nan syèl la, li di: “Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.”

Istwa branch fanmi Jezi yo

(Mat 1:1-17)

23 Lè Jezi te kòmanse anseye pèp la, li te gen yon trant an konsa. Tout moun te panse Jezi se te pitit Jozèf.

Jozèf sa a te pitit Eli.

24 Eli te pitit Matat.

Matat te pitit Levi.

Levi te pitit Mèlki.

Mèlki te pitit Janayi.

Janayi te pitit Jozèf.

25 Jozèf te pitit Matatyas.

Matatyas te pitit Amòs.

Amòs te pitit Nawoum.

Nawoum te pitit Esli.

Esli te pitit Nagay.

26 Nagay te pitit Maat.

Maat te pitit Matatyas.

Matatyas te pitit Semeyin.

Semeyin te pitit Jozèk.

Jozèk te pitit Joda.

27 Joda te pitit Joanan.

Joanan te pitit Resa.

Resa te pitit Zowobabèl.

Zowobabèl te pitit Salatyèl.

Salatyèl te pitit Neri.

28 Neri te pitit Mèlki.

Mèlki te pitit Adi.

Adi te pitit Kosam.

Kosam te pitit Èlmadam.

Èlmadam te pitit Èr.

29 Èr te pitit Jezi.

Jezi te pitit Elyezè.

Elyezè te pitit Jorim.

Jorim te pitit Matat.

Matat te pitit Levi.

30 Levi te pitit Simeyon.

Simeyon te pitit Jida.

Jida te pitit Jozèf.

Jozèf te pitit Jonam.

Jonam te pitit Elyakim.

31 Elyakim te pitit Meleya.

Meleya te pitit Mena.

Mena te pitit Matata.

Matata te pitit Natan.

Natan te pitit David.

32 David te pitit Izayi.

Izayi te pitit Obèd.

Obèd te pitit Boaz.

Boaz te pitit Sala.

Sala te pitit Naason.

33 Naason te pitit Aminadab.

Aminadab te pitit Admin.

Admin te pitit Arni.

Arni te pitit Eswòm.

Eswòm te pitit Perès.

Perès te pitit Jida.

34 Jida te pitit Jakòb.

Jakòb te pitit Izaak.

Izaak te pitit Abraram.

Abraram te pitit Terak.

Terak te pitit Nakò.

35 Nakò te pitit Sewouk.

Sewouk te pitit Rago.

Rago te pitit Falèk.

Falèk te pitit Ebè.

Ebè te pitit Sala.

36 Sala te pitit Kayinam.

Kayinam te pitit Afaksad.

Afaksad te pitit Sèm.

Sèm te pitit Noye.

Noye te pitit Lemèk.

37 Lemèk te pitit Metousala.

Metousala te pitit Enòk.

Enòk te pitit Jarèt.

Jarèt te pitit Maleleyèl.

Maleleyèl te pitit Kayinam.

38 Kayinam te pitit Enòs.

Enòs te pitit Sèt.

Sèt te pitit Adan.

Adan te pitit Bondye.

Footnotes

  1. 3:1 Se Anperè nan lavil Wòm ki te mete mesye sa yo ap dirije teritwa sa yo nan wayòm nan.
  2. 3:4-6 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:3-5.
  3. 3:17 Mo ki itilize nan tèks orijinal la pale sou yon enstriman tankou yon laye yo te konn itilize pou voye grenn yo anlè pou van ka pran pay yo pote ale.