Add parallel Print Page Options

¶ Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye.

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye.

Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.

¶ Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl).

Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li.

Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo.

¶ Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou.

Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo.

10 Koulye a, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n' te ka konnen l' nèt.

11 Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.

12 ¶ Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.

13 Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.

14 Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.

15 Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l' la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.

16 Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.

17 Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l' nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.

18 ¶ Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Seyè a aji.

19 Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo.

20 Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi.

21 Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twòp pou sa pa dekouraje yo.

22 Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a.

23 Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l' ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Seyè a.

24 Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.

25 Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.

Nouvo lavi nou an

Poutèt nou se moun ki resisite avèk Kris, nou dwe chache bagay ki soti anwo, bagay ki soti adwat Bondye Papa a kote Kris chita a. Mete nan panse nou bagay ki soti anwo sèlman, pa mete bagay ki sou latè nan lespri nou. Mwen di sa paske nou menm, nou te mouri, Bondye kache lavi nou nan Kris epi l ap pwoteje lavi nou nan syèl la nan li. Kris se lavi nou kounye a. Lè Kris retounen, n ap parèt ansanm avèk li, epi n ap patisipe nan glwa li. Se poutèt sa, fè seri bagay latè sa yo disparèt nan lavi nou: imoralite, bagay sal, anvi pou fè sa ki mal, lanvi pou ramase lajan, ki se menm bagay ak adore zidòl. Se bagay sa yo ki rale kòlè Bondye sou moun ki refize obeyi l[a] yo. Nou menm tou, nou te konn fè kalite bagay sa yo anvan, lè nou t ap viv nan lemonn.

Men kounye a, an n voye bagay sa yo jete nan lavi nou: fè kolè, viyolans, di oubyen fè bagay pou fè moun mal, di moun gwo mo pou ensilte yo. Pa bay frè ak sè nou manti. Nou te gentan retire vye rad sa yo voye jete deja, sa vle di kalite moun nou te ye lontan an ak vye bagay nou te konn fè yo. 10 Kounye a, se yon nouvo lavi ki nan nou, yon lavi ki vin pi nèf chak jou. Nou vin ap konprann moun ki te kreye nou an pi plis chak jou. Epi, de jou an jou, n ap sanble ak li pi plis. 11 Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit.[b] Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.

Nouvo lavi a nan rapò nou youn ak lòt

12 Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans. 13 Nou pa dwe mete nou an kòlè youn kont lòt, men se pou youn padone lòt. Si nou santi yon moun fè nou yon bagay ki mal, se pou n padone l. An n padone lòt yo, paske Senyè a te padone nou menm jan an tou. 14 Apre tout sa, sa ki pi enpòtan nan nouvo lavi a, se pou nou youn renmen lòt. Se nan renmen tout bagay mare ansanm nèt. 15 Se pou lapè ki soti nan Kris la kontwole tout panse nou. Bondye te rele nou pou nou viv nan lapè epi li mete nou ansanm nan yon sèl kò.[c] Se pou nou toujou ap di Bondye mèsi.

16 Se pou ansèyman Jezi yo toujou aji nan ou. Se pou nou anseye youn lòt, bay youn lòt konsèy ak anpil sajès. Pou n di Bondye mèsi, se pou n chante sòm, kantik, ak chan Sentespri Bondye enspire nou. 17 Tout sa nou kapab di oubyen fè, se pou n fè tout sa pou Senyè Jezi. Epi nan tout sa n ap fè, se pou n remèsye Bondye Papa a pa mwayen non Jezi.

Nouvo lavi a nan fwaye a

18 Medam yo, se pou n dakò ak lidèchip mari nou. Se konsa pou sa fèt, paske nou se moun Senyè a.

19 Nou menm mari yo, se pou n renmen madanm nou, epi nou pa dwe mete n an kòlè kont yo.

20 Nou menm ti moun, se pou n obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi.

21 Nou menm papa yo, pa fè timoun yo fache pou yo pa vin dekouraje.

22 Nou menm sèvitè ak sèvant yo, fè sa mèt nou gen sou latè yo mande nou fè. Se pa sèlman lè yo la pou n ap chache aji konsa pou n fè yo plezi, men fè sa ak yon kè sensè, ak krentif pou Senyè a. 23 Tout sa n ap fè, se pou n fè l ak tout kè nou, tankou se pa pou moun nou t ap fè l men se pou Senyè a. 24 Mete nan tèt nou Senyè a ap rekonpanse nou epi l ap fè nou jwenn sa li pwomèt moun pa l yo. Se Jezikris Senyè nou an n ap sèvi. 25 Pa bliye, nenpòt moun ki fè sa ki mal, l ap jwenn pinisyon nan men Bondye pou sa l fè a. Jijman Senyè a pa fèt nan moun pa.

Footnotes

  1. 3:6 sou moun ki refize obeyi l Kèk nan Kopi Grèk yo pa genyen mo sa yo.
  2. 3:11 moun peyi Sit Yo te gade moun peyi Sit yo kòm yon pèp ki pa sivilize, yo te pran yo pou yon pèp sovaj.
  3. 3:15 Kò espirityèl Kris la, li vle di Legliz, pèp li a.