Add parallel Print Page Options

Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.

Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”

Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”

Li di yo: “Se mwen menm.”[a] Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.

Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?”

Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”

Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” Se konsa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”

10 Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans[b] Papa a ban mwen an?”

Read full chapter

Footnotes

  1. 18:5 Se mwen menm Ekspresyon sa a te ka gen menm sans isit la, menm jan ak nan 8:24, 28, 58; 13:19. Menm bagay nan vèsè 8.
  2. 18:11 pran mezi soufrans Literalman, “bwè nan gode”. Jezi itilize ekspresyon sa a pou di li aksepte mezi soufrans li t ap ale sibi nan yon ti kras tan ankò.