Add parallel Print Page Options

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Lik 19:28-40)

12 Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm. 13 Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele:

“Louwanj[a] pou Letènèl!
Benediksyon pou moun ki vini
    nan non Senyè a,[b] wa Izrayèl la.”

14 Jezi jwenn yon jenn ti bourik, li monte sou li, jan Bib la te di a:

15 “Pa krenn anyen, moun lavil Siyon,[c]
men Wa ou la ap vini,
    li monte yon jenn ti bourik.”[d]

16 Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.

17 Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li. 18 Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè. 19 Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:13 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè louwanj pou Bondye oubyen pou Mesi li a.
  2. 12:13 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:25-26.
  3. 12:15 Siyon Se yon lòt non pou Jerizalèm.
  4. 12:15 Sitasyon sa a soti nan Zak 9:9.