Add parallel Print Page Options

14 ¶ Jezi di yo: Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.

Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa.

Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.

¶ Nou konnen chemen ki mennen kote m' prale a.

Toma di li: Seyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n' pran an?

Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.

Si nou konnen m', n'a konn Papa m' tou. Men, depi koulye a nou konnen l', nou wè l' tou.

Filip di l' konsa: Seyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen.

Jezi reponn li: Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m' toujou? Moun ki wè m', li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m' Papa a?

10 Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo soti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.

11 Se pou nou kwè m' lè m' di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a.

12 ¶ Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l' fè tou sa m'ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.

13 Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a.

14 (Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.)

15 ¶ Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.

16 M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a.

17 Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou.

18 ¶ Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.

19 Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.

20 Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.

21 Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen.

22 Jid (se pa Jida Iskariòt la non) di l' konsa: Seyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?

23 Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li.

24 Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti.

25 ¶ Mwen di nou tou sa antan m' la ankò avèk nou.

26 Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.

27 M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.

28 ¶ Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.

29 Mwen tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.

30 Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.

31 Men, se pou tout moun sou latè konnen mwen renmen Papa m'. Wi, fòk yo konnen m'ap fè sa Papa m' te ban m' lòd fè a. Leve non. Ann sot isit la.

Jezi ankouraje disip li yo

14 “Kè nou pa bezwen twouble. Se pou n kwè nan Bondye epi kwè nan mwen menm tou. Lakay papa m gen anpil kote pou moun rete. Si sa pa t vre, èske m ta di nou mwen pral prepare yon plas pou nou? Lè m va ale, epi m va fin prepare yon plas pou nou, m ap tounen epi m ap pran nou avèk mwen. Konsa, kote m ye a se la nou va ye tou. Epi, nou konnen chemen kote m prale a.”

Toma di l konsa: “Senyè, nou pa konn kote w prale, kijan pou n fè konn chemen an?”

Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou. Epi depi kounye a, nou konnen l epi nou gentan wè l.”

Filip di l konsa: “Senyè, fè nou wè Papa a epi n ap satisfè.”

Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a? 10 Èske w pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? Pawòl m ap di yo, mwen pa pale pou pwòp tèt pa m, men se Papa a ki nan mwen k ap fè sa m ap fè yo. 11 Kwè m si nou vle, lè m di: Mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen. Sinon, kwè kanmenm poutèt mirak yo.

12 An verite, an verite, m ap di nou: Moun ki kwè nan mwen ap fè menm sa m fè yo. Epi l ap fè pi gwo bagay toujou, paske mwen menm m prale kote Papa a, 13 epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la. 14 Si nou mande m yon bagay nan non mwen, m ap fè l.

Jezi pwomèt Sentespri a va vini

15 Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè. 16 Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè[a] ki va la avèk nou pou tout tant. 17 Se li menm ki Lespri verite a.[b] Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.

18 Mwen p ap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou. 19 Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan. 20 Nan jou sa a, nou va konnen mwen nan Papa m, nou menm nou nan mwen epi mwen menm mwen nan nou. 21 Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”

22 Jida (se pa Jida Iskaryòt la non) di li konsa: “Senyè, kijan fè se nou w ap fè konnen kilès ou ye, men se pa moun ki nan lemonn?”

23 Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li. 24 Moun ki pa renmen m p ap mete pawòl mwen an pratik, epi pawòl sa yo n ap tande a pa soti nan mwen, yo soti nan Papa m ki voye m nan.

25 Mwen di nou bagay sa yo pandan m ap viv kote nou an. 26 Men, Konsolatè a, Sentespri a Papa a ap voye nan non m nan, l ap anseye nou tout bagay epi l ap fè n sonje tout sa m te konn ap di nou.

27 M ap kite nou ak lapè mwen,[c] m ap ban nou lapè nan jan pa m, se pa menm jan ak lemonn. Se pou nou sispann gen kè kase ak lapèrèz. 28 Nou te tande m di nou mwen prale epi m ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou t ap kontan dèske m prale jwenn Papa m, paske Papa m gen plis pouvwa pase m. 29 Mwen di nou sa depi kounye a anvan sa rive, pou lè sa rive pou nou kapab kwè.

30 Mwen pa gen anpil bagay m ap di nou ankò, paske chèf k ap domine nan lemonn[d] lan ap vini, men li pa gen okenn pouvwa sou mwen. 31 Men, pou lemonn ka konnen mwen renmen Papa a epi mwen fè sa li mande m fè, an n leve, an n pati kite isit la.”

Footnotes

  1. 14:16 konsolatè Mo sa a itilize pou pale sou Sentespri a.
  2. 14:17 Lespri verite a Sentespri a (gade Sentespri nan Lis Mo yo). Se te travay li pou ede disip Jezi yo konprann verite a Bondye a. Gade nan Jan 15:26; 16:13.
  3. 14:27 lapè mwen Antan Mesi a, Jezi te pote lapè Bondye te pwomèt ki t ap vini lè wayòm li a manifeste devan pèp la. Lapè se yon lòt mo pou di “delivre” anba Satan. Gade nan 14:30.
  4. 14:30 chèf k ap domine nan lemonn Gade Satan nan Lis Mo yo. Menm bagay nan 16:11.