Add parallel Print Page Options

Se mwen menm Pòl, K ap salye nou. Mwen se yon apot Jezikris[a], paske se sa Bondye te vle. M ap ekri nou, pèp Bondye a, nan Efèz,[b] ki fidèl nan yon relasyon sere sere ak Jezikris.

Se pou Bondye Papa a ak Senyè Jezikris ban nou gras ak kè poze.

Benediksyon espirityèl nan Bondye

Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la. Nan Jezikris, Bondye chwazi nou anvan menm li te kreye lemonn. Li chwazi nou nan amou li, pou n vin yon pèp sen pou li, san fot devan je l. Se sa k fè, depi byen lontan, li deside l ap adopte nou kòm pitit li pa mwayen Jezikris. Li fè sa pou bon plezi pa l. Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.

Nan Kris, nou jwenn libète poutèt san li ki te koule. Nou jwenn padon peche nou yo, poutèt richès gras Bondye. Se gras sa a li ban nou an kantite a ki ban nou sajès ak bon konprann. Se te yon plan sekrè Bondye te genyen byen lontan pou l te reyalize pa mwayen Jezikris. Kounye a, li fè nou konnen sa. 10 Bondye t ap ranje tout bagay pou fè plan an reyalize lè moman an ta rive. Plan li, se pou l reyini tout bagay ki nan syèl la ak sa ki sou latè, pou li rasanble yo tout, menm jan ak yon kò, avèk Kris kòm tèt.

11 Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l. 12 Se poutèt sa, nou menm ki te gentan mete konfyans nou nan Kris la, an n fè louwanj pou glwa Bondye. 13 Se menm bagay la pou ou tou, lè ou te tande mesaj verite a, Levanjil ki sove w la, ou te kwè nan Kris. Kidonk poutèt Kris, Bondye te mete sou ou sa Sentespri li te pwomèt la. 14 Sentespri a se avalwa ki garanti n ap jwenn tout sa Bondye gen pou nou kòm eritaj. Apre sa, Bondye gen pou ban nou libète nèt, nou menm ki pou li. Konsa, tout moun va fè louwanj pou glwa Bondye.

Priyè Pòl la

15 Se sa k fè, lè m tande renome lafwa nou genyen nan Senyè Jezi ak lanmou nou pou tout pèp Bondye a, 16 mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, lè m ap sonje nou nan priye mwen. 17 Mwen priye Bondye, Senyè nou an, Jezikris, Papa nou ki gen tout glwa a, pou li ban nou Sentespri a, li menm va fè n konnen tout verite ki genyen sou Bondye epi li va ede nou konprann tou. Konsa nou va konnen Bondye pi byen.

18 M mande Bondye pou l louvri entèlijans nou, pou konprann verite a. Konsa, n ap ka wè ki kalite eritaj li kite pou nou tout, nou menm ki moun pa l yo, yon eritaj ki rich epi ki bèl. 19 N ap ka wè tou ki kalite pouvwa Bondye dispoze pou nou menm ki kwè. Se menm pouvwa sa a Bondye te manifeste avèk anpil fòs, 20 lè l te resisite Kris la nan lanmò epi li fè l chita adwat li nan syèl la. 21 Bondye mete Jezikris sou tèt tout chèf, tout otorite, tout moun ki gen pouvwa, tout wa yo ansanm ak tout gwo non yo site, ni nan mond sa, ni nan sa k gen pou vini an. 22 Bondye Papa a mete tout bagay anba pouvwa Jezikris epi li mete Kris chèf sou tout bagay nan Legliz la. 23 Legliz la se kò Kris la. Kris ranpli Legliz la, epi li ranpli tout bagay ladan l nèt.

Footnotes

  1. 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 1:1 nan Efèz Kèk kopi grèk pa genyen mo sa yo: “Nan Efèz”.