Add parallel Print Page Options

¶ Koulye a, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a.

Paske, yo fè nou konnen bon nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye.

Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn.

Paske, men sa ki ekri yon lòt kote nan Liv la sou setyèm jou a: Setyèm jou a, Bondye poze kò l' apre li te fin fè tout travay li yo.

Li tounen sou menm pawòl la ankò, lè li di: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.

Moun ki te resevwa bon nouvèl la an premye, yo pa t' antre kote sa a paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye.

Se sak fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li.

Paske, si Jozye te fè pèp Izrayèl la antre nan peyi kote pou yo te poze kò yo ansanm ak Bondye a, Bondye pa ta bezwen pale apre sa sou yon lòt jou ankò.

Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a.

10 Paske, moun ki antre kote pou yo poze kò yo ansanm ak Bondye a, se moun ki fin fè travay yo, menm jan Bondye te poze apre li te fin fè travay li.

11 ¶ Ann fè jefò pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fè l' la, pou nou pa pèdi chans antre kote sa a.

12 Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.

13 Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.

14 Ann kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm.

15 Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche.

16 Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Antouka, pwomès Bondye te fè a toujou valab pou nou ka antre nan plas repo li a. Konsa, an nou pran anpil prekosyon pou nou pa rate pwomès sa a. Wi, zansèt yo te tande Bòn Nouvèl la menm jan avè nou, men li pa t itil yo anyen, paske yo pa t kwè ladan l. Pou nou menm ki kwè l, nou antre nan repo Bondye a. Men sa Bondye di li menm:

“Paske yo fè m fache, mwen te fè sèman:
    Yo p ap antre nan plas repo m nan.”[a]

Men, travay Bondye te rive nan bout li depi lè l fini ak kreyasyon an. Wi, men sa Bib la di sou setyèm jou nan semèn nan: “Bondye te repoze sou setyèm jou a apre tout travay li te fin fè.”[b] Men gen yon pasaj nan Bib la, kote Bondye di: “Yo p ap janm antre nan plas repo m nan.”

Poutan, okazyon pou kèk moun antre nan repo Bondye a epi jwi li toujou egziste. Moun ki te tande Bòn Nouvèl la anvan pa t antre nan repo a, poutèt dezobeyisans yo. Konsa, Bondye planifye yon lòt jou espesyal. Li rele jou sa a “jodi a”. Li te pale sou jou sa a pa mwayen David byen lontan apre l fin planifye l. Nou site pawòl sa a deja:

“Si ou tande vwa Bondye jodi a,
    pa fè tèt di.”[c]

Nou konnen Jozye pa t mennen pèp la nan plas repo a. Paske Bondye pale de yon lòt jou repo apre sa. Sa fè nou konprann gen yon setyèm jou, 10 Bondye te repoze apre li te fin fè travay li. Sa vle di tou, tout moun ki antre nan repo Bondye ap gen pou yo repoze apre yo fin travay menm jan ak Bondye. 11 Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.

12 Pawòl Bondye[d] vivan epi li fè efè sou moun. Li pi file pase yon kouto debò. Li rive lwen jouk rive kote nanm ak lespri mare ansanm, kote zo ak mwèl fè youn. Li jije panse ak dezi ki nan fon kè lèzòm. 13 Pa gen anyen nan lemonn antye ki kache devan Bondye. Li ka wè tout bagay aklè. Tout bagay tou louvri devan l. E nou gen pou nou rann li kont sou jan nou te viv lavi nou.

Jezi se granprèt nou

14 Nou gen yon granprèt ki monte nan syèl la bò kote Bondye. Se Jezi Pitit Bondye a. An nou kenbe lafwa nou fèm nan Jezi. 15 Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche. 16 Kounye a nou ka pwoche bò twòn Bondye ak konfyans kote nou ka jwenn gras Bondye agogo pa mwayen Jezikri ki se granprèt nou. N ap jwenn gras ak konpasyon bò twòn Bondye pou ede nou nan moman nou pi bezwen yo.

Footnotes

  1. 4:3 Sitasyon sa a soti nan Sòm 95:11.
  2. 4:4 Sitasyon sa a soti nan Jen 2:2.
  3. 4:7 Sitasyon sa a soti nan Sòm 95:7-8.
  4. 4:12 Pawòl Bondye Ansèyman ak kòmandman Bondye.