Add parallel Print Page Options

N ap sèvi Bondye anba yon nouvo kontra

Èske nou dwe kòmanse ap di bèl bagay pou fè moun wè nou? Oubyen èske nou bezwen lèt rekòmandasyon menm jan ak kèk lòt moun pou nou vin lakay ou, oswa lè n ap kite lakay ou? Non, se ou menm ki lèt nou. Se yon lèt ki ekri nan kè nou. Tout moun konnen l, tout moun kapab li l. Wi, ou montre ou se yon lèt Kris la ekri li menm epi li voye l pa mwayen nou menm. Lèt sa a pa ekri ak lank, men se avèk Lespri Bondye vivan an. Li pa ekri sou tablèt wòch,[a] men li ekri nan kè moun.

Nou pale konsa, devan Bondye, poutèt konfyans nou genyen, pa mwayen Kris la. Nou pa met nan tèt nou nou ka fè anyen pou kont nou. Se Bondye ki ban nou kapasite pou nou fè tout sa nou fè. Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.

Nouvo kontra gen plis glwa

Lalwa te ekri sou wòch, li pote lanmò, men laglwa Bondye te toujou akonpanye l. Moyiz te sèvi Bondye anba lalwa, epi laglwa Bondye te tèlman briye sou vizaj li, pèp la pa t ka gade l nan vizaj. Poutan glwa ki te briye sou vizaj li a te pasaje. Pa gen okenn dout, glwa ministè Sentespri a ki bay lavi ap depase anpil glwa sa k te sou lalwa a. Men sa m vle di: Si ministè ki pote anpil kondanasyon poutèt peche a te gen glwa konsa, ministè k ap deklare moun jis devan Bondye a gen plis glwa toujou. 10 Devan glwa nouvo ministè a, glwa ansyen ministè a vin pa reprezante anyen. 11 Si kontra ki te la pou yon ti tan an te gen glwa konsa, kontra ki la pou tout tan an gen plis glwa toujou.

12 Konsa, poutèt esperans nou genyen an sèten, nou pale avèk anpil asirans. 13 Nou pa fè tankou Moyiz ki te oblije mete yon vwal sou vizaj li pou Izrayelit yo pa t ka wè lè glwa ki sou vizaj li a t ap disparèt. 14 Entèlijans moun yo te vwale tou. Dayè jouk jodi a, lè Izrayelit yo ap li sa ki te ekri nan ansyen pwomès la,[b] vwal la toujou rete. Vwal la soti sèlman pou moun ki fè youn ak Kris la. 15 Wi, jis jodi a, lè Izrayelit yo ap li lalwa Moyiz la, gen yon vwal ki kouvri entèlijans yo. 16 Men chak fwa yon moun vire vin jwenn Senyè a, Senyè a fè vwal la tonbe, jan Bib la di sa te rive ak Moyiz la. 17 Senyè a, nan kontèks sa a, se Sentespri a. E lè Lespri Senyè a yon kote, li pote libète. 18 Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.

Footnotes

  1. 3:3 wòch Li ap pale de lwa Moyiz la ki te ekri sou tablèt wòch lè Bondye t ap bay li. Gade tou nan vèsè 7. Gade nan Egz 24:12; 25:16.
  2. 3:14 ansyen pwomès la Gade Kontra nan Lis Mo yo. Isi a, “ansyen kontra” vle di Lalwa Moyiz la ki te nan baz kontra a.