Add parallel Print Page Options

¶ Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li.

Apre sa, ki jan nou ka fè gen lògèy ankò? Okontrè, se bagay ki pou ta fè nou kriye anpil. Epi, nonm ki fè bagay sa a, se pou n' te wete l' nan mitan nou.

Mwen menm, mwen pa la avèk nou nan kò m', men mwen la nan lespri m'. Pou tèt pa m', nan non Jezikri, Seyè a, mwen deja jije nonm ki fè kalite vye bagay lèd sa a, tankou si m' te la avèk nou.

Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an.

Se pou n' lage nonm sa a nan men Satan pou kò l' ka peri. Se konsa lespri l' ka jwenn delivrans lè jou Seyè a va rive.

Nanpwen anyen la a pou n'ap fè grandizè! Nou konn pawòl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fè tout pa t' la leve.

¶ Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la.

Se pa pou n' fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo.

¶ Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite.

10 Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt.

11 Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa.

12 Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo.

13 Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.

Imoralite se lènmi legliz

M pa ka kwè sa m tande a! Mwen tande imoralite seksyèl tèlman anvayi legliz la menm payen wouj pako rive nan nivo sa a. Sa rive si lwen m menm tande gen yon jenn gason ki plase ak madanm papa l. Epi olye sa fè nou tris pou nou ta chase move grenn nan mitan nou, nou pito ap chante kantamwa. Pou mwen men, m pa ka la avèk nou an pèsòn. Men menm nan Sentespri a, mwen deja jije moun ki fè kalite aksyon sa a, kòmsi m te la an pèsòn. Fè menm bagay avè m. Reyini nan non Jezi Senyè nou an. M ap reyini avèk nou tou an espri. Epi, sèvi ak puisans Jezi Senyè nou an. Livre nonm nan bay Satan, pou lachè[a] a ka detwi epi pou lespri a ka sove lè Senyè a retounen.

Pa vante tèt nou! Nou konnen deja: “Yon ti kras leven fè tout pat la leve.” Retire vye leven an nan mitan nou pou n ka tounen yon pat tou nèf. Dayè antan kwayan nan Kris nou se pen san leven, pen fèt Pak la.[b] Kris la te sakrifye tankou ti mouton fèt Pak nou an.[c] An nou fete fèt pak la san nou pa sèvi ak pen vye leven peche ak imoralite. Men an nou manje pen san leven, ki konpare ak yon kè ki san tach ak san malis kache.

Mwen te ekri nan lèt anvan pou nou pa nan konkòday ak moun k ap viv nan imoralite seksyèl. 10 Mwen pa t vle di nou dwe genyen relasyon ak moun nan lemonn lan. Si se ta konsa, nou pa ta dwe rete nan mond lan ankò, kote moun ap viv nan imoralite, ki gen lanvi sou afè moun, moun ki gen dwèt long oubyen k ap adore zidòl. 11 Mwen te sitou vle di nou pa ka gen relasyon ak moun ki di se kwayan nan Kris yo ye epi k ap viv nan peche. Wi, mwen t ap pale de kwayan nan Kris ki gen gwo lanvi, kwayan k ap adore zidòl, k ap pale moun mal, ki bwasonyè, oswa k ap vòlè. Pa chita sou menm tab ak moun konsa.

12-13 M pa la pou m jije moun ki pa kwayan an Kris. Bondye Li menm ak regle sa. Men nou, nou dwe jije moun ki nan menm gwoup ak nou. Dayè Bib la di: “Fè mechan an retire kò l kite gwoup nou an!”[d]

Footnotes

  1. 5:5 lachè Se sans literal mo a. Men, nou ka di tou “kò a” oubyen feblès lèzòm, oubyen feblès “lachè”.
  2. 5:7 pen fèt Pak la Se te yon pen espesyal san leven Jwif yo te konn manje nan repa Pak la. Pòl te vle di menm jan pen fèt Pak te san leven se konsa kwayan nan Kris la dwe san peche.
  3. 5:7 ti mouton fèt Pak nou an Jwif yo te konn touye yon ti mouton pou selebre fèt Pak la. Jezi te reprezante ti mouton sa yo t a pral sakrifye pou pèp la.
  4. 5:12-13 Sitasyon sa a soti nan Det 22:21, 24.