Add parallel Print Page Options

15 ¶ Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fèm.

Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l' jan mwen te anonse l' ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.

Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la.

Yo te antere l', li te leve soti vivan sou twa jou apre l' te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou.

Li te fè Pyè wè li. Lèfini li te fè douz apòt yo wè l' tou.

Apre sa, li te fè pou pi piti senksan (500) frè wè l' anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifò ladan yo ap viv jouk koulye a toujou.

Yon lòt fwa li te parèt ankò, li te fè Jak wè li. Apre sa, li te fè tout lòt apòt yo wè l' ankò.

Apre tout moun sa yo, li te fè m' wè l' tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fèt anvan tèm.

Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m' apòt, pou jan m' te pèsekite legliz Bondye a.

10 Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa.

11 Se sak fè, kit se mwen, kit se lòt apòt yo, sa m' sot di a, se sa nou tout n'ap fè moun konnen, se pa nan lòt bagay nou te kwè.

12 ¶ Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò?

13 Si moun mouri yo p'ap leve ankò, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò.

14 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m' anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè.

15 Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n'ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve soti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve.

16 Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò.

17 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo.

18 Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwè nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pèdi nèt tou.

19 Si espwa nou gen nan Kris la se sèlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè.

20 ¶ Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè. Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò.

21 Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò.

22 Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.

23 Men, chak moun va leve soti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lè Kris la va tounen ankò.

24 Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l' fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a.

25 Paske Kris la gen pou l' gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l' yo, pou l' mete yo anba pye li.

26 Nan tout lènmi l' yo, se lanmò k'ap kraze an dènye.

27 Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l', paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la.

28 Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay.

29 Koulye a ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo?

30 Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa?

31 Frè m' yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m' di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyè nou an.

32 Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri.

33 Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

34 Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.

35 ¶ Men, yon moun va mande m': Ki jan moun ki mouri yo pral leve soti vivan nan lanmò? Ki kalite kò yo va genyen?

36 Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l' pa mouri anvan.

37 Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm.

38 Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo.

39 Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pa t' gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò.

40 Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la, gen kò ki fèt pou tè a. Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a.

41 Limyè solèy la gen bèlte pa l', lalin lan gen bèlte pa l', zetwal yo gen bèlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo.

42 Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri.

43 Lè yo te antere l', li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs.

44 Lè yo te antere l', li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou.

45 Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi.

46 Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre.

47 Premye Adan an, Bondye te fè l' ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti.

48 Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la.

49 Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la.

50 Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri.

51 ¶ M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fòm nan yon ti kadè,

52 anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.

53 Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri.

54 Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt.

55 Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan?

56 Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.

57 Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Seyè nou an!

58 ¶ Konsa, frè m' yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Seyè a p'ap janm pèdi.

Bòn nouvèl konsènan Jezikris la

15 Kounye a frè m ak sè m yo, mwen vle fè nou sonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an. Nou te resevwa li. Epi li sèvi fondasyon pou lavi nou. Se ak bòn nouvèl sa a Bondye te sèvi pou sove nou. Se pou nou kontinye kwè nan mesaj sa a. Si se pa sa, lafwa nou pa vo anyen.

Mwen te ban nou mesaj la jan m te resevwa l la. Men sa m te di nou, epi se sa yo ki gen plis enpòtans: Kris mouri pou peche nou yo, jan Bib la di l la. Yo te antere l epi li resisite sou twazyèm jou a jan Bib la di l la. Li te parèt devan Pyè. Li te parèt devan douz apot yo. Apre sa, li te parèt an menm tan devan plis pase 500 frè ak sè an Kris. Menmsi kèk ladan yo gen tan mouri, men anpil ladan yo vivan toujou. Nan pi ta apre sa, li te parèt devan Jak ansanm ak tout lòt apot yo. Finalman, li te parèt devan m tou. Mwen diferan, paske mwen tankou yon bebe ki fèt anvan lè.

Se mwen menm ki pi pa enpòtan nan tout apot yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m yon apot paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a. 10 Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.) 11 Antouka, kit se mwen ki te anonse nou mesaj bòn nouvèl la, kit se lòt apot yo, se menm mesaj la nou tout ap preche epi se ladan l, ou menm, ou te kwè.

Rezirèksyon mò yo se yon sètitid

12 Men mesaj nou preche tout moun: Kris leve soti vivan anba lanmò. Kounye a, poukisa gen kèk moun pami nou ki di pa gen rezirèksyon pou mò yo? 13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, donk Kris pa t janm resisite. 14 E si Kris pa resisite, mesaj nou preche a pa vo anyen. Lafwa ou pa vo anyen nonplis. 15 Nan ka sa a, nou t ap tounen fo temwen paske nou t ap bay manti sou Bondye. Nou di tout moun Bondye resisite Kris la. Men si okenn mò p ap resisite, donk Bondye pa t janm resisite Kris la. 16 Si moun mouri pa resisite, alò Kris la pa t resisite. 17 Si Kris la pa t resisite, lafwa nou pa ta itil anyen. Nou ta toujou esklav peche nou yo. 18 Sila yo ki kwè nan Kris epi ki gen tan mouri, yo ta pèdi ajamè. 19 Si se sèlman pou lavi sou tè sa a nou met espwa nou nan Kris, nou se moun ki pi mizerab sou latè.

20 Men, reyalite a se paske Kris la te resisite. Li se premye pami tout sa ki pou resisite. 21 Lanmò vin sou moun poutèt sa yon nonm te fè. Kounye a rezirèksyon vini gras a yon lòt nonm. 22 Wi, poutèt Adan tout moun jwenn lanmò. Menm jan an tou gras a Kris la tout moun gen pou resisite. 23 Men rezirèksyon an ap fèt nan yon lòd byen presi: Kris la an premye. Apre sa, sila yo ki se moun Kris la lè Kris retounen. 24 Apre sa, lafen pral rive, lè Kris la va remèt wayòm nan bay Bondye Papa a, apre l va fin detwi tout chèf, tout otorite, ak tout pouvwa.

25 Kris dwe renye jouktan li mete tout lènmi l yo anba pye l.[a] 26 Lanmò se dènye lènmi ki gen pou detwi. 27 Jan Bib la di a, “Bondye gen pou mete tout bagay anba kontwòl li.”[b] Lè l di tout bagay anba kontwòl li klè Bondye pa fè pati tout bagay yo. Dayè se Bondye li menm k ap mete tout bagay anba kontwòl Kris la. 28 Lè Kris la fin pran kontwòl tout bagay, Pitit la li menm ap anba kontwòl sila a ki te mete tout bagay anba kontwòl li a. Lè sa a Bondye ap sèl chèf sou tout bagay.

29 Si moun ki mouri p ap resisite, kisa moun k ap batize pou mò yo kwè y ap fè? Si moun ki mouri p ap resisite a ki fen moun k ap batize pou mò yo fè sa y ap fè a?

30 E nou menm apot, pouki n ap met tèt nou an danje san rete? 31 Se chak jou mwen wè lanmò anfas. Mwen pa gen dout sou sa frè m ak sè m yo, menm jan mwen pa gen dout sou jan m fyè de nou poutèt sa nou ye nan Jezikris. 32 Mwen te batay ak bèt sovaj nan vil Efèz. Si nou konsidere l nan jan nou menm lèzòm gade bagay, kisa l itil mwen, si pa gen rezirèksyon pou moun ki mouri? Si se konsa, “An nou manje, an nou bwè paske demen n ap mouri.”[c]

33 Pa twonpe tèt ou: “Move zanmi ap detwi bon abitid ou.” 34 Tounen vin nan bon sans ou! Ou ta dwe sispann fè peche! Gen pami nou moun ki pa konnen Bondye. Sa se yon wont pou nou!

Ak ki kalite kò n ap resisite?

35 Men, yon moun ka mande: “Ki jan pou l ta posib pou mò yo resisite? Ak ki kalite kò?” 36 Kesyon sa yo pa gen plas yo! Lè w mete yon grenn nan tè, fòk li mouri anba tè a anvan li jèmen. 37 Epi lè w ap plante, sa w mete nan tè a gen yon kò diferan de sa plant ap ye lè l devlope. Sa w plante a se sèlman yon grenn, se petèt yon grenn ble oswa yon lòt grenn. 38 Men, se Bondye ki chwazi ki kalite kò l ap ba li. E li bay chak grenn pwòp kò pa li. 39 Pa gen yon kalite kò ki sanble ak yon lòt. Moun gen kalite kò pa l. Bèt sovaj gen kalite kò pa yo. Zwazo gen kalite kò pa yo. Pwason gen kalite kò pa yo. 40 Se menm jan an tou gen kalite kò ki fèt pou syèl, gen kalite kò ki fèt pou latè. Kalite kò ki fèt pou syèl yo gen bote pa yo. Kalite kò ki fèt pou latè yo gen bote pa yo. 41 Solèy la gen kalite bote pa l. Lalin nan gen yon lòt kalite bote. Zetwal yo gen kalite bote pa yo. Menm pami zetwal yo bote youn diferan de bote yon lòt.

42 Se menm jan an tou l ap ye lè mò yo resisite. Kò ki mete anba tè a tankou yon grenn se yon kò k ap pouri. Men, kò ki resisite a pa kapab pouri. 43 Lè kò a pral anba tè, li pa vo anyen. Men, li gen pou l resisite avèk anpil onè. 44 Kò ki pral anba tè a, se yon kò moun nòmal. Men, kò ki gen pou resisite a, se yon kò transfòme ak pouvwa Sentespri a. Paske, menm jan gen kò natirèl konsa tou gen kò espirityèl.

45 Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun[d] ki te resevwa lavi.”[e] Dènye Adan an, ranpli ak Sentespri ki bay lavi. 46 Se pa espirityèl la ki vin an premye, men se natirèl la. Espirityèl vini apre natirèl la. 47 Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan[f] an soti nan syèl. 48 Tout moun sou latè sanble ak premye nonm nan ki te soti nan pousyè. Tout moun ki pou syèl sanble ak sila a ki soti nan syèl. 49 Menm jan nou te pote menm mak fabrik ak nonm sa ki te soti nan pousyè a, se menm jan tou n ap pote menm mak fabrik ak sila a ki soti nan syèl la.

50 M ap di nou sa frè m ak sè m yo, kò sa ki fèt avèk chè epi san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ap pouri pa gen anyen pou l wè avèk bagay ki pa ka pouri. 51 M ap di nou yon sekrè: Nou tout p ap mouri, men nou tout gen pou chanje. 52 Lè sa a ap rive, l ap pran mwens pase yon segond. L ap fèt nan yon batje lè dènye twonpèt la sonnen. Lè dènye twonpèt la sonnen, mò yo gen pou yo resisite, epi nou tout n ap transfòme. 53 Bondye ap chanje kò nou pou l tounen yon kò ki p ap janm kapab pouri. Kò sa a ki mouri a, Bondye ap transfòme l fè l tounen yon jan pou l pa janm mouri. 54 Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè:

“Lanmò disparèt paske l pèdi batay la.[g]
55 Lanmò, kote viktwa w la?
    Lanmò, kote zam ou?”[h]

56 Zam lanmò, se peche. Puisans peche soti nan lalwa. 57 Men, nou di Bondye mèsi, ki ba nou laviktwa pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.

58 Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.

Footnotes

  1. 15:25 anba pye l Sa vle di, “anba kontwòl li”.
  2. 15:27 Sitasyon sa a soti nan Sòm 8:6.
  3. 15:32 Sitasyon sa a soti nan Eza 22:13; 56:12.
  4. 15:45 moun Literalman, “nanm”.
  5. 15:45 Sitasyon sa a soti nan Jen 2:7.
  6. 15:47 Adan Non Adan vle di “lòm” Nan kontèks sa a, “dezyèm Adan an” ap pale de Kris, “nonm ki soti nan syèl la”.
  7. 15:54 Sitasyon sa a soti nan Eza 25:8.
  8. 15:55 Sitasyon sa a soti nan Oze 13:14.