Add parallel Print Page Options

¶ Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.

Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a.

Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn.

¶ Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

Lè y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn.

Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.

¶ Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.

Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.

Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi.

10 Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.

11 Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt.

12 Pesonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.

13 Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li.

14 ¶ Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun.

15 Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye.

16 Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo.

17 ¶ Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv.

18 Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.

19 Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.

20 Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.

21 Se sak fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.

Jan bay avètisman kont fo pwofèt yo

Zanmi m yo, genyen anpil fo pwofèt nan mond lan kounye a. Poutèt sa, pa fè tout kalite espri konfyans, men egzamine yo pou nou wè si yo soti nan Bondye. Men kouman nou ka rekonèt Lespri Bondye: Tout Lespri k ap konfese Jezi te devni yon moun, Lespri sa a soti nan Bondye asireman. Men, tout lespri ki pa konfese Jezi konsa, li pa soti nan Bondye, se lespri lènmi Kris la. Nou tande yo di yon lènmi Kris la gen pou vini, li gentan la nan mond lan, kounye a.

Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan. Yo menm se nan mond lan yo soti, se poutèt sa y ap pale tankou mond lan epi mond lan koute yo. Nou menm nou soti nan Bondye. Moun ki moun pa Bondye yo ap koute nou, men moun ki pa moun Bondye yo p ap koute nou. Epi se konsa nou ka distenge Lespri ki anseye verite a ak lespri ki anseye k ap bay manti a.

Lanmou soti nan Bondye

Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye. Moun ki pa genyen lanmou nan kè l pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou. Men kijan Bondye te montre nou lanmou li: Bondye te voye yon sèl Pitit li a nan mond lan pou nou ka genyen lavi pa mwayen li menm. 10 Kounye a, kisa lanmou ye? Se pa nou ki te renmen Bondye an premye, men se li ki te tèlman renmen nou. Li si tèlman renmen nou, li voye Pitit li pou li netwaye peche nou yo.

11 Zanmi m yo, si Bondye renmen nou konsa, enben nou menm tou, nou ta dwe renmen youn lòt. 12 Pèsonn pa janm wè Bondye, men si nou renmen yonn lòt, Bondye ap viv nan nou epi lanmou vin konplèt nèt nan nou.

13 Men kijan nou ka konnen n ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan nou: Li te pataje Lespri li ak nou. 14 Nou menm nou te wè li epi n ap rakonte kijan Bondye Papa a te voye Pitit la pou l sove mond lan. 15 Moun ki konfese Jezi se Pitit Bondye, Bondye ap viv nan li epi li menm tou l ap viv nan Bondye. 16 Nou menm, nou konnen lanmou Bondye gen pou nou, epi nou kwè nan lanmou sa a. Bondye se lanmou. Si yon moun ap viv nan lanmou, l ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan li.

17 Konsa, si lanmou Bondye a total nan nou, nou p ap tonbe nan laperèz lè jou a rive pou Bondye jije mond lan. 18 Pa genyen laperèz nan lanmou; lanmou toutbon vre a mete laperèz deyò, paske lè nou pè, se chatiman Bondye nou pè. Moun ki gen laperèz la pa genyen lanmou Bondye a toutbon vre.

19 Pou nou menm, nou renmen, paske Bondye te renmen nou an premye. 20 Si yon moun di: Mwen renmen Bondye epi li rayi frè li, se yon moun k ap bay manti, paske moun ki pa renmen frè l li wè, li pa kapab renmen Bondye li pa wè. 21 Men kòmandman li ban nou: Moun ki renmen Bondye dwe renmen frè ak sè li yo tou.