Add parallel Print Page Options

¶ Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a.

Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou.

¶ Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li.

Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l' fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li.

Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye:

Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.

¶ Mezanmi, se pa yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou nan lèt sa a. Se menm ansyen kòmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kòmandman sa a, se menm pawòl nou te tande deja a.

Men, nan yon sans, se yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou la a. Nou wè kòmandman sa a se yon bagay k'ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fènwa a ap pase, limyè tout bon an gen tan ap klere.

Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou.

10 Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche.

11 Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.

12 ¶ Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri.

13 M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M'ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a.

14 M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fòs: nou kenbe pawòl Bondye a nan kè nou, nou kraze dyab la.

15 Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li.

16 Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.

17 Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

18 ¶ Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò.

19 Moun sa yo pa t' avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pa t' avèk nou tout bon.

20 ¶ Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a.

21 Si m'ap ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrè, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka soti nan verite a.

22 Kilès k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete.

23 Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekonèt Pitit la, li rekonèt Papa a tou.

24 Se poutèt sa, pawòl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kè nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kè nou, n'ap toujou fè yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la.

25 Men sa Jezikri te pwomèt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an.

26 M'ap ekri nou tou sa poutèt moun k'ap chache twonpe nou yo.

27 Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.

28 ¶ Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou la vini an, nou p'ap wont devan l', yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li.

29 Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.

Jezi se avoka nou

Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche,[a] nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, konsa l ap defann nou devan Bondye Papa a. Se pa mwayen sakrifis Jezi a peche nou padone. Epitou, se pa sèlman peche pa nou yo, men tou, peche tout moun.

Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li. Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou. Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se konsa nou konnen n ap viv nan li. Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv.

Jezi mande nou pou n renmen lòt yo

Byeneme m yo, se pa yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a, men se yon ansyen kòmandman nou te resevwa depi nan kòmansman. Ansyen kòmandman sa a, se pawòl nou te deja tande a. Poutan se yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a. Se yon vrè kòmandman; ou ka wè li manifeste nan Jezi epi nan nou menm tou. Fènwa a ap pase epi vrè limyè a ap briye deja.

Yon moun ki di: “Mwen nan limyè,” poutan li rayi frè li, osinon sè li ki nan fanmi Bondye a, l ap viv nan fènwa jouk kounye a. 10 Yon moun ki renmen frè l, osinon sè l, l ap viv nan limyè, epi tou, li pa gen anyen nan li pou fè l fè sa k pa bon. 11 Men yon moun ki rayi frè li, osinon sè li, l ap viv nan fènwa. Li pa konnen kote li prale, paske fènwa a rann li avèg.

12 M ap ekri nou lèt sa a, pitit mwen yo,
    paske peche nou yo padone poutèt non Kris la.
13 M ap ekri nou lèt sa a, papa yo,
    paske nou konnen moun ki egziste depi nan kòmansman an.
M ap ekri nou, nou menm ki jèn,
    paske nou gen viktwa sou move dezi nou yo.
14 Mwen ekri nou lèt sa a, timoun mwen yo,
    paske nou konnen Papa a.
Mwen ekri nou papa yo,
    paske nou konnen sila a ki egziste depi nan kòmansman an.
Mwen ekri nou lèt sa a, moun ki jèn yo,
    paske nou gen fòs.
Pawòl Bondye a rete nan nou,
    epi tou nou gen viktwa sou move dezi nou yo.

15 Pa renmen mond lan ni bagay ki nan mond lan. Si yon moun renmen mond lan, lanmou Papa a pa nan li. 16 Paske tout sa ki nan mond lan: dezi lachè, lanvi pou nou genyen sa je nou wè, lògèy ki ranpli nou poutèt byen nou genyen, tout sa pa soti nan Papa a, men yo soti nan mond lan. 17 Epitou, mond lan gen pou l pase, ak tout move dezi li yo; men moun ki fè sa Bondye vle, ap rete pou tout tan.

Pa swiv lènmi Kris yo

18 Pitit byeneme m yo, nou nan dènye tan an! Nou tande lènmi kris la ap vini. Kounye a menm gen anpil lènmi kris ki deja la. Se sa ki fè nou konnen nou nan dènye tan an. 19 Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.

20 Pou nou menm, nou te resevwa kado[b] Sentespri a[c] te ban nou an, konsa nou tout gen konesans verite a. 21 Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a.

22 Konsa, kilès k ap bay manti a? Se sila a ki di Jezi se pa Kris la.[d] Sila a ki nye Papa a ak Pitit la. Se li ki lènmi kris la. 23 Nenpòt moun ki pa kwè nan pitit la, li pa genyen Papa a non plis; sila a ki kwè nan Pitit la, li genyen Papa a tou.

24 Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou. 25 Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl.

26 M ap ekri nou lèt sa a konsènan moun k ap twonpe nou yo. 27 Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.

28 Wi, pitit byeneme mwen yo, kontinye viv nan li. Si nou fè sa, nou p ap gen okenn perèz pou jou Pitit la va retounen. Nou p ap gen bezwen pou al kache, epi tou nou p ap wont lè l va vini. 29 Si nou konnen Pitit la dwat, konnen tou, moun ki toujou fè sa ki byen, se pitit Bondye.

Footnotes

  1. 2:1 peche Se tout sa moun fè ki kontrè ak sa Bondye mande.
  2. 2:20 kado Literalman, “onksyon”. Sa ta vle di Sentespri a. Osinon li ta vle di ansèyman oswa verite a tankou nan vèsè 24. Gade nan vèsè 27 la tou.
  3. 2:20 Sentespri a Bondye osinon Kris.
  4. 2:22 Kris la Sa vle di Mesi, Wa Bondye chwazi a. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. Gade tou nan 4:2; 5:1.